Zacharie9hat_bsa
1Yon revelasyon.Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la,e l ap poze sou Damas,paske zye a lòm ak tout trib Israëlse vè SENYÈ a,2epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a;Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.3Paske Tyr te bati pou kont li yon fò;li te fè depo ajan tankou pousyè,ak depo lò tankou labou nan lari.4Gade byen, SENYÈ a va rachetout sa li posede,e jete tout richès li yo nan lanmè.Li va devore nèt ak dife a.5Askalon va wè l e vin pè.Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè;epi Ékron, pou sa li te atann va desi.Anplis ke sa, wa a va peri Gazae Askalon va vin pa gen moun.6Yon ras mele va vin rete Asdode Mwen va rache ògèy a Filisten yo.7Mwen va retire san li,soti nan bouch li,ak abominasyon soti nan mitan dan l yo.Konsa, yo va devni osi yon retaypou Bondye nou an.Yo va tankou yon chèf pou Juda, eÉkron va tankou Jebizyen yo.8Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a,pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen.Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò.Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.9Rejwi anpil, O fi a Sion an!Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!Gade byen wa ou ap vini kote ou;Li jis e Li gen Sali;Li enb e Li monte sou yon bourik,menm yon jenn pòtre,pitit a yon bourik.10Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,ansanm ak cheval Jérusalem nan.Banza lagè a va koupe retire;Li va pale lapè a nasyon yo.Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,e nan Rivyè Euphrate la jis pou lrive nan dènye pwent tè a.11Menmjan an pou ou menm tou,akoz san akò Mwen an ki avèk ou,Mwen te mete prizonye ou yo an libètesoti nan twou fòs ki pa gen dlo a.12Retounen nan sitadèl la,O prizonye ki gen lespwa a!Nan jou sa a menm, Mwen deklareke Mwen va remèt ou doub de sa.13Paske Mwen te koube Judakonsi se te banza Mwen.Mwen te plen banza a avèk Éphraïm.Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion,kont fis ou yo, O Grèce,e Mwen va fè ou vin tankou nepea yon gèrye pwisan.14Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo,e flèch Li va pati tankou kout loray.Senyè BONDYE a va sone twonpèt la,e Li va mache nan van tanpèt sid yo.15SENYÈ dèzame yo va defann yo.Yo va devore, e yo va foule anba pyeak tout wòch fistibal yo.Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè.Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis,tankou kwen lotèl yo.16Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va sove yonan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a;paske yo tankou wòch presye,bijou yon kouwòn k ap klere toupatouanwo tout peyi Li a.17Paske a la gran, bonte Li va gran,e a la gran, bèlte Li va gran!Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospereak diven nèf pou vyèj yo.