Kantik A Kantik Yo8hat_bsa
1O ke ou te tankou frè m,ki te souse nan tete a manman m.Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!2Mwen ta mennen ou e fè ou antrelakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.Mwen ta bay ou diven pafime ki sòtinan ji grenad mwen yo pou ou bwè.3Kite men goch li rete anba tèt mwene men dwat li anbrase m.4“Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,pa fè lanmou a vin leve,ni ankouraje l jiskaske se plezi li.5Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,k ap apiye sou cheri li a?”Jenn Fi anAnba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.6Mete mwen tankou yon so sou kè ou,tankou yon so sou bra ou.Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;lè l pete se tankou dife k ap pete.Vrèman se flanm SENYÈ a.7Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,ni rivyè p ap ka inonde l.Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,sa ta konplètman meprize.8Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm;kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon mounta vin pale pou l ta fiyanse avè l?9Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikadak gwo planch bwa sèd.10Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo;konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.11Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo.Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.12Pwòp chan rezen mwen an se devan m;mil sik ajan yo se pou ou, Salomonak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.13O ou menm, ki chita nan jaden yo,ansanm ak zanmi mwen yo,kite m tande vwa ou.14Annou pati, cheri mwen an!Fè tankou yon antilòp,oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.