Kantik A Kantik Yo7hat_bsa
1A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!O fi a prens lan!Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.2Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;3De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,jimo a yon antilòp.4Kou ou se yon kou ivwa,zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yoakote pòtay a Bath-Rabbim nan.Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.5Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmele très cheve tèt ou tankou fisèl mov.Wa a kaptire pa très ou yo.6A la ou bèl e a la ou mèvèye,ak tout bèlte ou yo!7Lè ou kanpe se tankou yon pye palmise tete ou se grap li yo.8Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,mwen va kenbe tij fwi li yo.”O ke tete ou yo kapab tankou grapki pann sou chan rezen nane bon odè a souf ou tankou pòm,9Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,e koule dousman nan lèv a silaki tonbe nan dòmi yo.10Mwen pou cheri mwen ane dezi li se pou mwen.11Vini, cheri mwen an!Annou pati ale nan chan yoe fè lojman nan ti vil yo.12Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;annou gade pou wè si chan rezen angen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.13Mandragò yo fin bay bèl odè;epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,ni nèf ni ansyen,ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.