Kantik A Kantik Yo6hat_bsa

1“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
2Cheri mwen an te desann nan jaden li an,nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,pou ranmase flè lis.3Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
4Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa;bèl tankou Jérusalem,mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.5Vire zye ou! Pa gade m!Paske zye ou fè m egare.Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.6Dan ou tankou yon bann moutonki fenk monte sot benyen.Yo tout ki pòtre marasa.Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.7De bò figi ou tankou yon tranch grenaddèyè vwal ou.
8Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,e jèn fi menm pa kab konte;9Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;li se sèl fi a manman li.Fi san tach a sila ki te pote li a.Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;ni rèn ni konkibin yo.Yo te louwe l pou di:
10Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,bèl tankou plèn lin nan,san tach tankou solèy la,e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
11Mwen te desann nan chan bwa nwa yopou wè bwa vèt yo nan vale a;pou wè si chan rezen fin fè boujon,oswa grenad yo te fleri.12Avan mwen te menm konnen,dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
13Retounen, retounen, O Silamit lan;retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!SalomonPoukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?