Kantik A Kantik Yo4hat_bsa
1A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;cheve ou tankou yon bann kabritki fin desann sòti Mòn Galaad.2Dan ou tankou yon bann moutonak lenn fenk taye ki sot benyen.Yo tout fè pòtre jimo yo,ni youn nan yo pa pèdi pitit li.3Lèv ou tankou fisèl wouje bouch ou tèlman bèl.De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.4Kou ou tankou fò David la,bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,tout boukliye won a mesye pwisan yo.5De tete ou tankou de jèn ti antilòp;jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.6Jiskaske jou a bese pou l vin free lonbraj yo vin disparèt,mwen va trase chemen mwen rive nan mònfèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.7Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,e nanpwen defo nan ou.8Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an;m bezwen ou vini avè m sòti Liban.Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.9Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.10A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,fi a maryaj mwen an!A la pi bon lanmou ou pi bon pase divene bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!11Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;siwo myèl ak lèt anba lang ou.Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.12Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,fi a maryaj mwen;yon jaden wòch ki fèmen,yon fontèn dlo ki ansèkle.13Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;14ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa,ansanm ak tout meyè kalite epis yo.15Ou menm se yon sous jaden,yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.16Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;kite epis li yo vante gaye toupatou.Ke cheri mwen an vin nan jaden li anpou manje tout fwi chwa li yo.