Kantik A Kantik Yo3hat_bsa
1Sou kabann mwen, pandan nwit la,mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an.Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.2Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la;nan ri yo ak nan plas yo.Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an.Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.3Gadyen ki fè tou vil la te twouve m.Mwen te mande l: “Èske ou konn wèsila ke nanm mwen renmen an?”4Lè m fenk kite yo mwen te jwennsila ke nanm mwen renmen an.Mwen te kenbe l, mwen te refize lage ljiskaske mwen mennen l rive lakay manman m,pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.5M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,nan non antilòp ak bich mawon an,pou nou pa fè lanmou leveni ouvri zye l jiskaske se plezi li.6Se kisa k ap monte kite dezè atankou pilye lafimen yo,byen pafime ak fèy bazilik ak lansan,plen ak poud santi bon machann yo?7Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte;swasant òm pwisan kap antoure l,mesye pwisan Israël yo.8Yo tout ki konn manyen nepe,ki fò nan afè lagè;chak mesye gen nepe l bò kote li,pou fè gad kont menas lannwit yo.9Wa Salomon te fè pou kont liyon kanape vwayaj ak bwa Liban an.10Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò.Kote pou chita a fabrike ak twal mov,e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo.11Ale, O fi a Sion yo,e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila amanman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li,nan jou kè kontan li an.