Kantik A Kantik Yo1hat_bsa
1Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.2Kite l bo m ak bo bouch li!Paske lanmou ou bon pase diven.3Lwil pafen ou yo santi bon.Non ou menm se tankou lwil kap vide;se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.4Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!Wa a mennen m nan chanm li yo.Lòt Yo“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.Jenn Fi aAk bon rezon, yo renmen ou konsa.”5Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo,tankou rido a Salomon yo.6Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;solèy la brile m konsa.Fis a manman m yo te byen fache avè m;Yo te fè m gadyen chan rezen yo.Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.7Pale mwen, ou menm nanke nanm mwen tèlman renmen;ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?Ki kote ou konn fè l kouche a midi?Paske poukisa mwen ta tankou yon mounki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?8Si ou menm, ou pa konnen,O pi bèl pami tout fanm yo;janbe swiv wout twoupo a,e fè patiraj pou jenn kabrit ou yoakote tant bèje ou yo.9Pou mwen, cheri mwen an,ou tankou pi bèl poulichpami sa kap rale cha Farawon an.10Bò figi ou byen bèl ak zanno,kou ou ak bèl kolye.11Nou va fè pou ou dekorasyon an lòanbeli ak pwent an ajan tou won.12Pandan wa a te sou tab li,pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.13Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.14Cheri mwen an se yon grap flè jasmenbyen plase nan chan rezen En-Guédi yo.15“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!Zye ou tankou toutrèl yo.”16Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an;anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.17Pilye kay nou se bwa sède travès yo se bwa pen.