Revelasyon15hat_bsa

1Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.2Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.3Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,O Senyè, Bondye Toupwisan an!Jis e vrè, se chemen Ou yo,Wa a nasyon yo.4Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,epi bay glwa a non Ou?Paske se Ou sèl ki sen.Paske tout nasyon yo va vinipou adore devan Ou.Paske zèv ladwati Ou yo,Ou gen tan revele.”5Apre bagay sa yo, mwen te gade, e tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri.6Konsa, sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.7Answit, youn nan kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.8Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.