Sòm Yo98hat_bsa

Yon Sòm

1O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.2SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.3Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.4Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!5Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,avèk ap ak vwa melodi a.6Avèk twonpèt ak son a kòn.Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.7Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.8Kite larivyè yo bat men yo.Kite mòn yo chante ansanm ak jwa9devan SENYÈ a,paske l ap vini pou jije latè.Li va jije lemonn ak ladwati LiE pèp yo avèk jistis.