Sòm Yo94hat_bsa

1O SENYÈ, Bondye a vanjans lan,Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!2Vin leve, O Jij sou tè a.Bay rekonpans a moun ògeye yo.3Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?4Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.5Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.Yo aflije eritaj Ou a.6Yo touye vèv yo avèk etranje a.Yo asasine òfelen yo.7Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni BondyeJacob la p ap okipe sa a.”8Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?9Sila ki plante zòrèy la, èske Li pa tande?Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.10Sila ki fè chatiman nasyon yo,èske Li p ap fè repwòch?Sila ki enstwi lòm; Li konnen!11SENYÈ a konnen panse a lòm,ke se sèlman yon souf ke yo ye.12Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,O SENYÈ,ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,13pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo,jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.14Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.15Paske jijman an va devni dwat ankò etout pèp ladwati yo va swiv li.16Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo?Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?17Si SENYÈ a pa t sekou mwen,nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.18Si mwen ta di: “Pye m glise,”Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.19Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.20Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?21Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,e kondane inosan yo a lanmò.22Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen eBondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.23Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, eva koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.SENYÈ nou an va koupe retire yo.