Sòm Yo93hat_bsa
1SENYÈ a renye!Li abiye an majeste!SENYÈ a te abiye Li ak fòs.Anverite, mond lan etabli byen solid.Li pa ebranle menm.2Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.Ou la depi nan etènite.3Flèv yo te leve, O SENYÈ,Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.4Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde,SENYÈ anwo a pwisan.5Regleman Ou yo kanpe nèt;Sentete byen bèl lakay Ou aO SENYÈ, jis pou tout tan.