Sòm Yo92hat_bsa
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a
1Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,2pou deklare lanmou dous Ou nan matenavèk fidelite Ou nan lannwit,3avèk lenstriman a kòd e avèk ap,avèk mizik ki retanti sou lir.4Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.5A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ!Panse Ou yo byen pwofon.6Yon nonm ensanse pa gen konesans,ni yon nonm bèt pa konprann sa:7Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la,e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo,se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.8Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.9Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ,paske gade byen, lènmi Ou yo va peri.Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.10Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon.Mwen te onksyone avèk lwil nèf.11Epi zye mwen vin gade avèk kè kontanmalfektè ki leve kont mwen yo.12Moun dwat la va fleri tankou palmis.Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.13Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.14Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye.Yo va plen ak dlo bwa vèt.Y ap rete vèt nèt.15Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.Li se wòch mwen,e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.