Sòm Yo91hat_bsa
1Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.2Mwen va di a SENYÈ a:“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.Se nan Li mwen mete konfyans!”3Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,ak ravaj gwo maladi yo.4Li va kouvri ou ak plim Li yo.Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.5Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,6ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,ni destriksyon ki devaste a midi.7Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,ak di mil sou men agoch ou,men sa p ap pwoche ou.8Ou va sèlman gade avèk zye ou pouwè rekonpans a mechan yo.9Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,menm Pi Wo a, kote pou ou rete.10Nanpwen mal k ap rive ou,Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.11Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,pou veye ou nan tout chemen ou yo.12Yo va leve ou byen wo nan men yo,pou ou pa frape pye ou kont wòch.13Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.14Paske li te renmen M konsa,pou sa, Mwen va delivre li.Mwen va mete li byen solid an wo,akoz li te rekonèt non Mwen.15Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.Mwen va avèk Li nan tan twoub la.Mwen va delivre li e bay li lonè.16Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,e kite li wè sali mwen.