Sòm Yo90hat_bsa
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.
1Senyè, se te kote Ou, lakay nou te yepandan tout jenerasyon yo.2Avan mòn yo te vin parèt,oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.3Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:“Retounen, O pitit a lòm yo.”4Paske mil ane devan zye Ouse tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.5Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.6Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.7Paske nou fin manje nèt akoz kòlè Ou.E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.8Ou te mete inikite nou yo devan Ou.Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.9Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.Ane nou yo ap fini kon souf.10Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.Paske byen vit li prale, e nou vole ale.11Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a?Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?12Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.13Lache, O SENYÈ!Konbyen tan sa va ye?Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!14O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.15Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,tout ane ke nou te wè mal yo.16Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,akmajeste Ou a pitit yo.17Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.Wi, konfime zèv men nou yo.