Sòm Yo9hat_bsa
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.2Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.3Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.4Paske Ou te bay soutyen a dwa m,avèk koz mwen ki jis;Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.5Ou te fè chatiman nasyon yo;Ou te detwi mechan yo;Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.6Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt.Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.7Men SENYÈ a la jis pou tout tan;Li te etabli twòn Li pou jijman.8Li va jije mond lan avèk ladwati;Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.9SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;yon sitadèl nan tan twoub la.10Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandonesila ki mete konfyans nan Ou yo.11Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion;deklare pami pèp yo zèv Li yo.12Paske Sila ki egzije san an sonje yo;Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.13Fè m gras, O SENYÈ;gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo,e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,14pou m kab pale tout lwanj a Ou menm.Konsa, nan pòtay a fi Sion yo,mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.15Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a;nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.16Senyè a te leve tèt Li pou yo wè;Li te rann jijman an.Nan zèv a pwòp men Li, mechan ankole nan pwòp pèlen li. Tan17Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a;menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.18Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan,ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.19Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen;kite nasyon yo jije devan Ou.20Bay yo lakrent, O SENYÈ;fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan