Sòm Yo89hat_bsa
Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la
1Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.2Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou ava kanpe janm jis pou tout tan.Ou te etabli syèl yo.Fidelite Ou rete nan yo.3“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a.Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,4‘Mwen va etabli jèm ou nète bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan5Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.6Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a?Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,7Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo,e mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?8O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès kitankou Ou, O SENYÈ pwisan an?Anplis, fidelite Ou antoure Ou.9Ou domine ògèy lanmè a.Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.10Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte)tankou yon moun ki fin touye.Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.11Syèl yo se pou Ou.Tè a se pa Ou tou.Lemond ak tout sa ki ladann,se Ou menm ki te etabli yo.12Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo.Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.13Ou gen yon men byen fò.Men dwat Ou leve byen wo.14Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an.Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.15A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.16Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen,e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.17Paske Ou se glwa a fòs yo,e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.18Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a,e wa nou an se Sila Ki Sen An Israël la.19Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo.Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan.Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.20Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an.Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.21Avèk li menm, men M va vin etabli.Anplis, bra M va ranfòse li.22Lènmi an p ap twonpe li.Ni fis a mechanste a p ap aflije li.23Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l,e frape sila ki rayi li yo.24Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li.Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.25Mwen va osi mete men li sou lanmè a,ak men dwat li sou rivyè yo.26Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m,Bondy m Wòch a sali mwen an.27Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen,pi wo pami tout wa latè yo.’28Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan,e akò Mwen va konfime a li menm.29Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan,e twòn li tankou jou syèl yo.30Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, epa mache nan jijman Mwen yo,31si yo vyole règleman Mwen yo, epa kenbe kòmandman Mwen yo,32alò Mwen va pini transgresyon yoavèk yon baton,e inikite yo avèk kout fwèt.33Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li,ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.34Mwen p ap vyole akò mwen an,ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.35Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen,Mwen p ap manti a David.36Desandan li yo va dire jis pou tout tan,e twòn li va tankou solèy la devan M.37Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan,temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”38Men koulye a Ou vin refize ak rejete,Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.39Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a.Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.40Ou te kraze tout miray li yo.Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.41Tout moun ki pase akote piyaje li.Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.42Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo.Ou te fè lènmi li yo rejwi.43Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, efè l pa kanpe pou batay la.44Ou te fè mayifisans li vin kraze fini ete jete twòn li jis atè.45Ou te fè jou a jenès li yo vin kout.Ou te kouvri li ak gwo wont.46Jiskilè, O SENYÈ?Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan?Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?47Sonje longè lavi mwen genyentèlman kout ke li tankou yon foli!Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!48Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò?Èske li kab delivre nanm li de pouvwasejou lanmò a? Tan49Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ?Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a?50Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo,jan mwen pote nan lestonmak mwen,repwòch a tout nasyon pwisant yo,51Avèk sila, lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ.Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.52Beni se SENYÈ a pou tout tan!Amen, e Amen.