Sòm Yo88hat_bsa
Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo
Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”.
Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la
1O SENYÈ, Bondye sali mwen an,Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.2Kite priyè mwen vini devan Ou.Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!3Paske nanm mwen gen kont twoub li.Lavi m vin toupre sejou lanmò a.4Mwen vin konte pami sila ki desann nan fòs yo.Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,5abandone pami mò yo, tankou silaki te touye e kouche nan tonm lan.Sila a nou pa sonje ankò menm,ki koupe retire nan men Ou.6Ou te mete m nan fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.7Kòlè Ou vin poze sou mwen.Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan8Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m.Ou te fè m yon objè abominab devan yo.Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.9Zye m gen tan pouri akoz afliksyon.Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ.Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.10Èske Ou va fè mirak pou mò yo?Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan11Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a?Fidelite Ou nan labim nan?12Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan tenèb la?Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?13Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye.Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.14O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen?Poukisa Ou kache figi Ou kont mwen?15Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen.Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.16Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen.Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.17Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen.Yo ansèkle m nèt.18Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt,ak zanmi m yo, nan tenèb.