Sòm Yo87hat_bsa
Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan
1Fondasyon Li nan mòn sen yo.2SENYÈ a renmen pòtay Sion yoplis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.3Yo pale sou gran mèvèy ou,O gran vil Bondye. Tan4Mwen va mete Rahab avèk Babylonepami sila ki rekonèt Mwen yo.Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie:“Tèl moun te fèt la”.5Men selon Sion, li va pale,“Sa a ak sila a fèt ladann.”Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.6SENYÈ a va konte lè Li anrejistretout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan7Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di:“Tout sous bwote yo, se nan ou”.