Sòm Yo86hat_bsa
Yon priyè a David
1Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.Paske mwen aflije e malere.2Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.Ou menm, Bondye mwen an,sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.3Montre m gras Ou, O SENYÈ, paskese a Ou menm mwen kriye tout lajounen.4Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.5Paske Ou menm, Senyè a,Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,ranpli avèk lanmou dous, pou tout silaki rele sou non Ou yo.6Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.7Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,paske Ou va reponn mwen.8Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.9Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pouadore devan Ou, O Senyè,e yo va bay non Ou glwa.10Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye.Se Ou sèl ki Bondye.11Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.Mwen va mache nan verite Ou.Fè kè m dispoze pou krent non Ou.12Mwen va ba Ou remèsiman,O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.13Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.14O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen,yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.Yo pa mete Ou devan yo.15Men Ou menm, O SENYÈ,Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.16Vire vè mwen e fè m gras.O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,e fè sekou a fis a sèvant Ou a.17Montre m yon sign bonte Ou,pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.