Sòm Yo84hat_bsa
Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.
1A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!2Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.3Zwazo a osi te twouve yon kay, eiwondèl la yon nich pou li menm,kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo,Oh Wa m ak Bondye m.4A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.5A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou,Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.6Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous;Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.7Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.8O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan9Gade byen boukliye nou an.Gade sou vizaj onksyone Ou a.10Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,pi bon pase mil jou deyò.Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an,pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.11Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.SENYÈ a va bay gras avèk glwa.Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.12O SENYÈ dèzame yo!A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!