Sòm Yo83hat_bsa
Yon Chan. Yon Sòm Asaph
1O Bondye, pa rete an silans.Pa fè silans, O Bondye.Pa rete trankil.2Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen.Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.3Yo fè plan malen kont pèp Ou a.Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.4Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon,pou non Israël la pa sonje ankò menm.”5Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse.Kont Ou menm, yo fè yon akò.6Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,7Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;8Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,yo te prete lamen a pitit a Lot yo. Tan9Aji avèk yo tankou Madian,tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!10Ki te fin detwi nan En-Dor,ki te vin tankou fimye sou latè.11Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeebe tout prens yo tankou Zébach avèk Tsalmunna,12Ki te di: “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”13O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!Tankou pay devan van!14Tankou dife ki brile forè a, ak flanm kilimen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.15Konsa, kouri dèyè yo avèk tanpèt Oue teworize yo ak gwo siklòn Ou.16Plen figi yo ak gwo wont,pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.17Kite yo vin wont e dekouraje jis pou tout tan.Wi, kite yo imilye e peri,18pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèlki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.