Sòm Yo82hat_bsa

Yon Sòm Asaph

1Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.Li fè jijman nan mitan dye yo.2Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,e montre favè a mechan yo?
3“Fè defans fèb yo ak òfelen yo.Fè jistis a aflije ak malere yo.4Sove fèb yo ak malere yo.Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”5Yo pa konnen ni yo pa konprann.Yo mache toupatou nan fènwa.Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.6Mwen te di: “Se dye ke nou ye,e nou tout se fis a Pi Wo a.7Sepandan, nou va mouri tankou moun,e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”8Leve, O Bondye, jije tè a!Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.