Sòm Yo81hat_bsa

Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

1Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!2Leve yon chan, bat tanbouren an,gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.3Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.4Paske se yon règleman Israël,yon òdonans a Bondye Jacob la.5Li te etabli li kon yon temwayaj nan Josephlè li te ale toupatou nan peyi Égypte la.Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.6Mwen te retire fado a sou zepòl li.Men li yo te vin lib panyen an.7Ou te rele nan twoub la e Mwente fè ou sekou.Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan
8Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.O Israël, si ou ta koute Mwen!9Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.10Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.11Men pèp Mwen an pa t koute vwa M.Ni Israël pa t obeyi Mwen.12Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo,pou mache nan pwòp manèv yo.13O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!14Mwen ta soumèt lènmi yo byen vite ta vire men m kont advèsè yo.15Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menme pinisyon yo ta pou tout tan.16Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a.Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.