Sòm Yo8hat_bsa
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1O SENYÈ, Senyè nou an,A la non Ou gran sou tout latè!Ou te fè parèt klè mayifisans Oupiwo pase syèl yo!2Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.3Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,4Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?5Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,e te kouwone li ak glwa avèk lonè!6Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.Ou te mete tout bagay anba pye li:7Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,8zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.9O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.