Sòm Yo79hat_bsa
Yon Sòm Asaph
1O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.Yo te souye sen tanp Ou an.Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.2Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.3Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem.Pa t genyen moun ki pou antere yo.4Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.5Jiskilè, O SENYÈ?Èske Ou va rete fache nèt?Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?6Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.7Paske yo te devore Jacob.Yo te devaste abitasyon Li an.8Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,paske nou fin rive ba nèt.9Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.10Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?”Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.11Kite vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou.Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.12Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwaantre nan vant yo, repwòch avèk silayo te repwoche Ou a, O SENYÈ.13Konsa nou menm, pèp Ou a,ak mouton a patiraj Ou a,Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.