Sòm Yo77hat_bsa

Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph

1Vwa m leve vè Bondye!Mwen kriye pou sekou.Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.2Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.Nanm mwen te refize rekonfòte.3Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
4Ou te kenbe zye mwen yo louvri.Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.5Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.6Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.Mwen reflechi tout tan nan kè mwen.Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:7“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?8Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?Èske pwomès Li yo fini nèt?9Èske Bondye te bliye gras Li,Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan10Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m pansemen dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”11Mwen va sonje zèv SENYÈ yo.Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.12Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.13Chemen Ou a, O Bondye, se apa.Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?14Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.15Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a,fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan16Dlo yo te wè Ou, O Bondye.Dlo yo te wè Ou.Yo te nan gran doulè.Anplis, fon yo te boulvèse.17Nwaj yo te vide gwo dlo.Syèl yo te bay gwo kout loray.Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.18Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.Loray yo te klere tout tè a.Mond lan te tranble.Li te souke.19Chemen Ou an te nan lanmè a,e vwa Ou nan dlo pwisan yo.Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.20Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,pa men Moïse avèk Aaron.