Sòm Yo76hat_bsa

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd

Yon Sòm Asaph, yon Chanson

1Bondye byen rekonèt nan Juda.Non Li gran an Israël.2Tabènak Li a nan Salem.Abitasyon Li an osi nan Sion.3La, Li te kase flèch dife yo,boukliye ak nepe ak zam lagè yo.4Ou manyifik, pi majeste pase mònak bèt lachas yo.5Sila ak gran kouraj yo te piyaje,yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.6Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.7Ou menm, Ou merite lakrent.Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?8Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.Latè te krent, e te kanpe rete an plas9lè Bondye te leve nan jijman an,pou sove tout enb sou latè yo. Tan10Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.11Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.Kite tout sila ki antoure Li yomennen don a Sila ki merite lakrent lan.12Li va koupe retire nanm a prens yo.Wa latè yo gen lakrent Li.