Sòm Yo75hat_bsa

Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”

Yon Sòm Asaph, yon Chanson

1Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.
2“Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente,Mwen va jije avèk jistis.3Latè avèk tout sa ki ladann souke.Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan4Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”A mechan an: “Pa leve kòn nan.5Pa leve kòn ou anwo.Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”6Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,ni bò kote dezè a,kab gen fòs pou leve moun anwo;7Men Bondye se jij la.Li fè yon moun desann,e li leve yon lòt fè l wo.8Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,e diven an ap kimen.Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
9Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan.Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.10Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt.Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.