Sòm Yo74hat_bsa
Yon Sòm Asaph
1O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan?Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?2Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo,sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou:Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.3Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo,kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktiyè a.4Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a.Yo fin monte pwòp drapo yo kon avètisman an.5Yo aji kòn yon moun k apleve rach li nan mitan yon forè bwa.6Epi koulye a, tout travay skilpti li yo,yo kraze ak rach avèk mato.7Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè.Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.8Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.”Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.9Nou paz ankò wè mèvèy yo.Nanpwen pwofèt ankò.Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.10Konbyen de tan, O Bondye,advèsè a va moke nou ak mo brile?Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?11Poukisa Ou retire men Ou?Sitou men dwat Ou?Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!12Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo.Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.13Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.14Ou te kraze tèt Levyatan an.Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.15Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.16Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.Ou te prepare limyè a avèk solèy la.17Ou te etabli tout lizyè latè yo.Ou te fè sezon ete ak sezon livè.18Sonje bagay sa a, O SENYÈ,ke lènmi yo te meprize Ou,e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.19Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo.Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.20Konsidere akò Ou, paskekote fènwa yo nan tout latè a,plen ak abitasyon vyolans yo.21Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont.Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.22Leve, O Bondye! Plede koz Ou!Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.23Pa bliye vwa advèsè Ou yo.Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.