Sòm Yo73hat_bsa

Yon Sòm Asaph

1Anverite, Bondye bon a Israël,a sila avèk kè ki san tach yo!2Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe,Pa m yo te prèt pou chape.3Paske mwen te gen anvi awogan yo,lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.4Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.5Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,ni yo pa toumante tankou limanite.6Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye.Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.7Zye yo anfle nan mitan grès yo.Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.8Yo giyonnen moun.Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.Yo pale konsi se anwo sa soti.9Nan bouch yo rive nan syèl la,pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.10Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.11Yo di: “Kòman Bondye konnen?Eske gen konesans kote Pi Wo a?”12Gade byen, sila yo se mechan yo ye.Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.13Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach,ak lave men m nan inosans.14Paske mwen te twouble tout lajounene te resevwa chatiman chak maten.15Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.16Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.17Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,mwen te vin konprann jan yo ta fini.18Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil.Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.19Men kijan yo va detwi nan yon enstan!Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!20Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo.Ou va rayi rèv de lespri yo.21Lè kè m te vin anmè,e kè m te pike anndan m,22alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.Mwen te tankou yon bèt devan Ou.23Sepandan, mwen avè W tout tan.Ou te kenbe men dwat mwen.24Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,e apre, resevwa mwen nan laglwa.25Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.26Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.27Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri.Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.28Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen,Pou m kab pale tout zèv Ou yo.