Sòm Yo72hat_bsa

Yon Sòm a Salomon

1Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye,ak ladwati Ou a fis a wa a.2Li va jije pèp Ou a avèk ladwati,e aflije Ou yo, avèk jistis.3Mòn yo va pote lapè a pèp la,e kolin yo, fwi ladwati a.4Li va jije malere a pèp la.Li va fè sekou pou pitit a malere yo,e kraze opresè a an mòso.5Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klereak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.6Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,tankou farinaj ki wouze tè a.7Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri,avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.8Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a,e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.9Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,e lènmi li yo va niche pousyè a.10Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.11Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.12Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;aflije a tou, lè l san soutyen an.13Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.14Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,e san yo va chè nan zye Li.15Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm.Moun va priye pou li san rete.Yo va beni li tout lajounen.16Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a,fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo.Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.17Non li va dire jis pou tout tan.Non li va la toutotan solèy la ap briye a.Tout lezòm va beni pa li.Tout nasyon yo va rele li beni.
18Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la!Li sèl ki fè mèvèy!19Beni se non laglwa Li jis pou tout tan!Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!Amen e amen.
20Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.