Sòm Yo70hat_bsa

Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni

1O Bondye, fè vit pou delivre mwen.O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!2Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye.Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.3Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.4Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou.Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:“Kite Bondye egzalte”.5Men mwen aflije e mwen nan nesesite.Fè vit vin kote mwen, O Bondye!Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.O SENYÈ, pa mize.