Sòm Yo7hat_bsa
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
1O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache.Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,2sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon,epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.3O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,si gen enjistis nan men m,4si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,5kite lènmi an kouri dèyè nanm mwenjiskaske li pran l,epi kite li foule lavi mwen jis atè.Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan6Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo.Leve Ou menm pou mwen;Ou menm ki te etabli jijman an.7Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou.Gouvènen yo, depi an wo.8Se SENYÈ a ki jije pèp yo.Fè m jistis O SENYÈ,selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.9Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,men etabli sila ki dwat yo.Paske se ladwati Bondye ki fè prèvnan kè avèk panse moun.10Boukliye mwen se avèk Bondye,ki sove sila ki dwat yo.11Bondye se yon jij ki jise ki rayi enjistis chak jou.12Si yon nonm pa repanti, La p file nepe Li.Li deja koube banza Li; Li prèt.13Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.Li fè flèch ak shaf ki brile yo.14Gade byen, l ap lite nan mechanste.Wi, li plante jèm mechanste a,epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.15Li te fouye yon twou, kreve l nèt,e vin tonbe nan twou ke li te fè a.16Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.17Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.