Sòm Yo68hat_bsa

Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan

1Kite Bondye leve!Kite lènmi Li yo vin gaye!Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.2Kon lafimen konn chase,konsa, chase yo.Kon lasi kon fonn devan dife,konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.3Men kite moun ladwati yo fè kè kontan.Kite yo leve wo devan Bondye.Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.4Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:non l se SENYÈ a!Rejwi devan Li an!5Yon papa pou òfelen yoe yon jij pou vèv yo,se Bondye nan lye sen Li an.6Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
7O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a,lè Ou te mache travèse dezè a,8tè a te souke.Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye,prezans Bondye Sinaï lan.Mond la li menm tè a souke devan prezansBondye a, Bondye Israël la.9Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.10Moun pa Ou yo te vin rete ladann.Ou te founi tout bonte Ou poumalere yo, O Bondye.11Senyè a te anonce pawòl la.Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.12“Wa lame yo sove ale! Yo kouri!Fanm nan rete nan kay la divize piyaj la!13Lè ou kouche nan pak mouton yo,se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan eplim li ak lò briyan.14Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a,Nèj t ap tonbe sou Tsalmon.15Yon mòn Bondye se Mòn Basan.Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.16Poukisa nou gade ak anvi,O tout lòt mòn yo?Sou mòn ke Bondye te apwentekonn abitasyon Li an?Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.17Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye.Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.18Ou te monte an wo.Ou te mennen kaptif yo sòti.Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm,menm pami rebèl yo tou,pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
19Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou,Bondye ki se delivrans nou an. Tan20Bondye pou nou se yon Bondye delivrans.Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.21Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo,tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.22Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan.Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,23pou pye ou kapab kraze yo bay san,jis lang chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi a.”24Yo te wè pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye,pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen,pou antre nan sanktiyè a.25Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv,nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.26Beni Bondye nan asanble yo,SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.27Men gade Benjamin, pi piti an Israël la,k ap renye sou yo,prens a Juda ki konseyè yo,prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
28Bondye ou a te kòmande fòs Ou.Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.29Akoz tanp Jérusalem Ou a,wa yo va mennen kado bay Ou.30Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a,twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo.Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo.Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.31Prens yo va sòti an Égypte.Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.32Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo,Chante lwanj a Senyè a, Tan33A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la,ki la depi nan tan ansyen yo.Gade byen, Li pale ak gwo vwa,yon vwa plen pwisans.34Rekonèt fòs Bondye a!Majeste Li sou tout Israël,pwisans Li nan syèl yo.35O Bondye, Ou etonnan nan sanktiyè Ou yo.Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.Beni se Bondye!