Sòm Yo67hat_bsa

Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan

1Ke Bondye ka fè nou gras,beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——2Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,ak sali Ou pami tout nasyon yo.3Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.Kite tout pèp yo louwe Ou.4Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan5Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.Kite tout pèp yo louwe Ou.6Latè te bay pwodwi li.Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.7Bondye ap toujou beni nou.Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.