Sòm Yo66hat_bsa

Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

1Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!2Chante glwa a non Li!Ranpli lwanj Li ak laglwa!3Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!Akoz grandè a pwisans Ou, menm,lènmi Ou yo va soumèt a Ou.4Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.Li va chante lwanj Ou.Tout va chante lwanj a non Ou; Tan5Vini pou wè zèv Bondye yo.Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.6Li te chanje lanmè a an tè sèch.Yo te pase travèse rivyè apye.La menm, nou te rejwi nan Li!7Li renye ak pwisans pou tout tan.Zye Li veye sou nasyon yo.Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.8Beni Bondye nou an, O pèp yo!Fè lwanj Li sone,9ki kenbe nou pami vivan yo,e ki pa kite pye nou glise.10Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye.Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.11Ou te rale nou antre nan filè a.Ou te mete yon fado lou sou ren nou.12Ou te fè moun monte sou tèt nou.Nou te pase nan dife ak nan dlo,men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.13Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile.Mwen va peye Ou ve mwen yo,14ki te sòti nan lèv mwen,ke bouch mwen te pale lè m te nan gwo twoub yo.15Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,avèk lafimen a belye yo.Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.16Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondyee mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.17Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen.Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.18Si mwen gade inikite nan kè m,Senyè a p ap koute mwen.19Men anverite, Bondye te tande.Li te teni kont de vwa a priyè mwen.20Beni se Bondye, ki pa t refize koutelapriyè mwen,ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.