Sòm Yo65hat_bsa

Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan.

1Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion.Ve yo va fèt anvè Ou.2O Ou menm ki tande priyè yo,a Ou menm tout moun vini.3Inikite m t ap kanpe kont mwen;men pou transgresyon nou yo,Ou kouvri yo.4A la beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre,pou l ka rete nan lakou Ou.Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou,sen tanp Ou a.5Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou,O Bondye sali nou an.Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a,jis rive nan lanmè pi lwen an.6Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou,Akoz Ou pran zam pwisans Ou.7Ou kalme raj vag lanmè yo,Avèk gwo boulvèsman lanm yo.8Sila ki rete jis nan dènye pwent latè yokanpe byen etone a mèvèy Ou yo.Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.9Ou vizite tè a e fè li gen abondans.Ou anrichi li anpil.Flèv Bondye a plen ak dlo.Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.10Ou wouze tranch li yo an abondans.Ou fè do li vin poze.Ou fè l vin mou ak lapli an abondans;Ou beni kwasans plant li.11Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou.Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.12Patiraj nan dezè yo gen abondans,Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.13Chan yo abiye menm ak bann mouton.Vale yo fin ranpli ak sereyal.Yo rele fò ak lajwa!Konsa, yo chante.