Sòm Yo64hat_bsa
Pou direktè koral la. Yon Sòm David.
1Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an.Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.2Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo,kont boulvèsman a sila ki fè mechanste yo.3Ki te file lang yo tankou nepe.Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,4pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo.Sibitman yo tire sou li, san lakrent.5Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo.Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo.Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”6Yo fè manèv pou enjistis e di:“Nou prè pou yon konplo byen fòme”.Paske panse lenteryè a moun se byen fon.7Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch.Sibitman, yo va blese.8Konsa, yo va chape tonbe.Pwòp lang pa yo va kont yo.Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.9Nan moman sa a, tout moun va krent.Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo.Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.10Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a!Yo va pran refij nan Li,epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.