Sòm Yo63hat_bsa

Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.

1O Bondye, Ou se Bondye mwen.Mwen va chache Ou ak tout kè m.Nanm mwen swaf pou Ou.Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.2Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a,ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.3Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,lèv mwen va louwe Ou.4Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.Mwen va leve men m nan non Ou.5Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,e bouch mwen ap ofri lwanjavèk lèv ranpli de jwa.6Lè m sonje Ou sou kabann mwen,mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.7Paske Ou te konn sekou mwen.Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.8Nanm mwen kole ak Ou.Men dwat Ou fè m kenbe.9Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,va desann jis nan fon latè.10Yo va livre a pouvwa nepe.Yo va tounen manje pou rena mawon.11Men Wa a va rejwi nan Bondye.Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.