Sòm Yo62hat_bsa
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David
1Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye.Sali m se nan Li.2Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.Menm gwo sò pa p boulvèse m.3Pou jiskilè, nou va atake yon nonm?Alò, èske nou ta touye li, nou tout,tankou yon miray k ap panche?Tankou yon kloti k ap kraze?4Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li.Yo pran plezi nan tout sa ki fo.Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.5Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye.Paske espwa mwen se nan Li.6Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.Mwen p ap ebranle menm.7Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.8Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.Vide kè nou devan Li.Bondye se yon refij pou nou.9Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van.Moun ki plase wo yo se manti.Nan pèz balans yo, se monte, yap monte.Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.10Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.Ni pa mete fo espwa nan vòlè.Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.11Yon fwa, Bondye te pale.De fwa, mwen gen tan tande sa:Ke pouvwa, se pou Bondye.12Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè.Paske Ou bay rekonpans a lòm selonzèv li yo.