Sòm Yo61hat_bsa

Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David

1Koute kri mwen, O Bondye.Prete atansyon a lapriyè mwen.2Soti nan dènye pwent latè,mwen rele Ou lè kè m fèb;Mennen mwen sou wòchki pi wo pase m nan.3Paske Ou te yon refij pou mwen,yon fò ki wo,yon gran fòs kont lènmi yo.4Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan5Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.6Ou va fè lavi a wa a byen long.Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.7Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.8Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.