Sòm Yo60hat_bsa

Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”.

Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la.

1O Bondye, Ou te rejte nou.Ou te kraze nou.Ou te fache.O restore nou ankò.2Ou te fè latè tranble.Ou te fann li pou l ouvri.Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.3Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di.Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.4Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo,pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
5Pou byeneme Ou yo kab delivre,Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!6Bondye te pale nan sentete Li:“Mwen va triyonfe!Mwen va divize Sicheme tire yon lin nan vale Succoth la.7Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M.Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen.Juda se baton wayal Mwen an.8Moab se basen lave Mwen.Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen.Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”
9Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la?Kilès k ap mennen mwen antre Edom?10Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou?Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?11O bannou sekou kont advèsè a,paske delivrans pa lòm se an ven.12Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.