Sòm Yo59hat_bsa

Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.

1Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;Plase mwen byen wo an sekiritebyen lwen de sila ki leve kont mwen yo.2Delivre m de sila ki fè inikite yo,e sove mwen de moun ki vèse san yo.3Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m.Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.4Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an.Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!5Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,leve e pini tout nasyon yo.Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan6Yo retounen nan aswè.Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.7Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:“Kilès ki tande”?8Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo!Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.9O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.Bondye se sitadèl mwen.10Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.11Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye.Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,O SENYÈ, boukliye nou an.12Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.Paske se malediksyon avèk manti yo bay.13Detwi yo nan kòlè Ou!Detwi yo pou yo disparèt nèt.Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,jis rive sou tout latè. Tan14Kite yo retounen nan aswè.Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.15Yo gaye toupatou.Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.
16Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.Paske Ou te toujou sitadèl mwen,yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.17A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.Paske Bondye se sitadèl mwen,Bondye ki montre mwen lanmou dous la.