Sòm Yo58hat_bsa
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David
1Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo?2Non, nan kè, nou fòmante inikite.Sou latè, nou peze balans pou separebay vyolans ak men nou.3Mechan yo pèvès depi nan vant.Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.4Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan.Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,5pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.6O Bondye, kraze dan nan bouch yo!Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.7Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.8Kite yo tankou kalmason ki fonn,ki vin disparèt pandan l ap mache,tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.9Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;vèt ak sila kap brile yo, ansanm.10Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan.Li va lave pye li nan san a mechan yo,11pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”