Sòm Yo57hat_bsa
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,paske nanm mwen kache nan Ou.Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,jiskaske destriksyon an fin pase.2Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,a Bondye ki acheve tout sa m mande an.3Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen.Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. TanBondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.4Nanm mwen rete pami lyon yo.Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,epi lang yo kon yon epe file.5Leve anwo syèl yo, O Bondye;Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!6Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;Nanm mwen koube ba.Yo te fouye yon fòs devan m.Yo te tonbe nan mitan li. Tan7Kè m kanpe fèm, O Bondye,kè m fèm.Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!8Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!Mwen va fè maten vin leve.9Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.10Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.11Leve anwo syèl yo, O Bondye.Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.