Sòm Yo54hat_bsa

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm

a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?”

1Sove mwen, O Bondye, ak non Oue fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.2Koute lapriyè mwen, O Bondye.Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.3Paske etranje yo fin leve kont mwen.Moun vyolans yo te chache lavi mwen.Yo pa t mete Bondye devan yo.4Gade byen, Bondye se èd mwen.SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.5Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo.Detwi yo nan fidelite Ou.6Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.7Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.