Sòm Yo53hat_bsa
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David
1Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.Yo konwonpi!Yo fè zak enjis ki abominab.Nanpwen ki fè sa ki bon.2Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.3Yo tout te vire akote.Ansanm yo vin konwonpi.Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.4Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,ka p manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,epi ki pa rele Bondye?5La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.6O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion!Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.