Sòm Yo51hat_bsa
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
1Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.Selon grandè a mizerikòd ou,efase transgresyon mwen yo.2Lave m nèt de inikite mwen yo enetwaye m de peche mwen an.3Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.Peche mwen yo devan m tout tan.4Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,e te fè mal devan zye Ou.Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.5Gade byen, mwen te fèt nan inikite,e se nan peche manman m te vin ansent mwen.6Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.7Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.8Fè m tande lajwa avèk kè kontan,pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.9Kache figi Ou de peche m yo.Efase tout inikite mwen yo.10Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,epi refè yon lespri ki dwat anndan m.11Pa jete mwen lwen prezans Ou epa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.12Restore nan mwen lajwa sali Ou a.Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.13Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,e pechè yo va konvèti a Ou menm.14Delivre mwen de koupabilite san vèse a,O Bondye, Bondye a sali mwen an.Konsa, lang mwen va chante avèk jwaselon ladwati a Ou menm nan.15O Mèt mwen an, ouvri lèv mwenpou m kab deklare lwanj Ou.16Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis.Otreman, mwen ta bay li.Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.17Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,Ou p ap meprize l.18Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion.Bati miray a Jérusalem yo.19Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo,nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo.Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.