Sòm Yo50hat_bsa
Yon Sòm Asaph
1Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.Li rele lemonn lan soti nan leve solèy lajis rive nan kote li kouche a.2Soti nan Sion, bèlte pafè a,Bondye fè limyè Li parèt.3Bondye nou vin parèt.Li pa rete an silans.Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.4Li rele tout syèl yo anwo,avèk latè pou jije pèp Li a:5“Rasanble fidèl Mwen yo kote M,Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.6Epi syèl yo deklare ladwati Li,paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan7“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.8Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo.Ofrann brile nou yo devan m tout tan.9Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou,Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.10Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen,ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.11Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo.Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.12Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.13Èske m ta manje chè towo yo,oswa bwè san a mal kabrit yo?14Ofri a Bondye yon sakrifis remèsimane peye ve ou yo a Pi Wo a.15Rele Mwen nan jou twoub la.Mwen va delivre ou e ou va onore M.”16Men a mechan yo Bondye di:“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,pou pran akò Mwen an nan bouch ou?17Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.18Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.19Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.Lang ou fè ankadreman pou manti.20Ou chita pale kont frè ou.Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.21Bagay sa yo, ou te fè yo,e Mwen pa t di yon mo.Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.Mwen va repwoche oue pale ka a an lòd devan zye ou.22Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye,oswa, Mwen va chire nou an mòso,e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.23Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,epi a sila ki fè chemen li dwat la,Mwen va montre li sali Bondye a.”