Sòm Yo5hat_bsa

Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David.

1Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ.Konsidere refleksyon mwen yo.2Koute bri kri sekou mwen yo,Wa mwen e Bondye mwen.Pou Ou menm, mwen ap priye.3Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen.Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo.M aptann, m ap veye.4Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.Nanpwen mal ki rete avèk Ou.5Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.6Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,ki twonpe moun.7Men pou mwen, pa gran lanmoudous Ou a mwen va antre lakay Ou.Nan tanp sen Ou an mwen va pwostènemwen nèt an adorasyon.8O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo.Fè chemen Ou dwat devan mwen.9Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo.Anndan yo se pouriti menm.Gòj yo se yon tonm ki louvri.Yo fè flatè ak lang yo.10Kenbe yo koupab, O Bondye.Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe!Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou.11Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.Kite yo toujou chante ak kè kontan,akoz Ou fè abri pou yo.Kite sila ki renmen non Ou yo kapabfè kè kontan nan Ou.12Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,Ou ki antoure li avèk gras Ou,tankou yon boukliye.